An Frans, yon timoun 9 an enskri nan bakakoreya 2024 la

Fyète Kreyòl Enfo
Imaj : Freepik.com

An Ayiti li pratikman enposib pou nou ta wè yon bagay konsa. Jan sistèm lekòl la òganize a, li pa favorize timoun ki ekselan pou yo ta fini lekòl pi vit. Menm si timoun nan depase klas la nan pwen li ta kapab pwofesè kondisip li yo, li oblije ap pèdi tan ak yo. Men, si pa gen sistèm klas avanse pou timoun ki ekselan, ki gen koefisyan entèlektyèl trè wo, lontan timoun te konn sote klas si direksyon lekòl la remake li vrèman depase klas li ye a.

Men depi kèk ane Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl egzije pou timoun nan enskri nan bakakoreya, fòk li pwouve li te pase 9èm AF depi 4 an. Se yon mal y ap konbat nan anpeche elèv al fè klas siperyè san yo pa pase, men an menm tan li poze yon baryè pou youn youn grenn elèv nan sistèm nan ki pa ta bezwen suiv pakou nòmal la tèlman yo gen koefisyan entèlektyèl elve, tèlman yo depase lòt kondisip yo.

Men nan kèk lòt peyi, depi timoun nan kapab travay, yo ankadre li pou li avanse pi vit. Pa egzanp, sa pa gen lontan nou te rapòte yon amerikèn gradye kòm doktè a 17 an, epoutan nan laj sa a li te dwe nan lekòl segondè (High School) toujou. Dorothy Jean Tillman II ki te kòmanse etid siperyè li lè li te genyen 10 an sèlman rive gradye kòm doktè nan laj 17 an nan okazyon seremoni gradyasyon Inivèsite Arizona nan dat 6 me 2024 la.

Semèn sa a, se jounal Le Monde ki rapòte gen yon ti Fransèz ki gen 9 an sèlman ki enskri pou al pase eprèv bakakoreya fransè a alòske li ta dwe nan klas elemantè II, sa ki koresponn ak klas 4èm AF nan sistèm ayisyen an.

Daprè sa responsab edikasyon Lafrans yo fè konnen, se kandidat ki pi jèn ki janm enskri nan bakakoreya teknolojik e jeneral. Yo di an jeneral kandida ki pi jèn yo konn genyen ant 12 ou 13 zan. Pou mete jèn elèv la, ki enskri kòm kandidat lib nan bakakoreya a, nan nivo, yo fè li pase sa yo rele eprèv kontini.

Kandidat sa a se elèv nan akademi Estrasbou epi li chwazi espesyalite matematik ak fizik – chimi.

Ane sa a bakakoreya fransè a ap genyen 728 164 kandida k ap patisipe ladan li. Kandida ki pi aje a genyen 76 an.

Description de l'image