Nan yon deklarasyon piblik ki parèt madi 4 jen 2024 la, Amnisti Entènasyonal, montre li gen gwo kè sote sou mank transparans pou sa ki konsène garanti ki dwe tabli pou dwa moun nan kad misyon k ap vin apiye sekirite an Ayiti a, ki ta dwe deplwaye nan kèk mwa ankò.
Ana Piquer ki se direkris pou Amerik la nan Amnisti Entènasyonal deklare : « Se yon obligasyon pou nou veye pou misyon miltinasyonal sa a Kenya ap dirije epi Etazini ak lòt peyi ap soutni an, pou tout mezi li yo respekte, san manke yon yota, dwa entènasyonal la pou sa ki gen rapò ak dwa moun, jan Konsèy Sekirite Nasyonzini an mande sa. Yon fo pa nan sans sa a t ap yon katastwòf pou dwa pèp ayisyen an.»
Li souliye gen misyon sekirite miltinasyonal oswa etranje ki te konn fèt an Ayiti nan tan pase yo ki te konn genyen anpil vyolasyon dwa moun ki grav anpil ladan yo. Epi vyolasyon dwa moun sa yo te konn fèt nan yon enpinite total. Se poutèt sa yo dwe pran tout mezi nesesè yo avan ak pandan tout deplwaman fòs etranje an Ayiti pou yo evite pou menm istwa yo pa repete.
Amnisti Entènasyonal fè remake malrge egzijans klè sou sa ki konsène transparans ki nan rezolisyon 2699 (2023) Konsèy Sekirite Nasyonzini an ki otorize misyon an, ki mande pou Eta manm yo k ap patisipe ladan li respekte tout règ yo konsènan transparans, toujou pa gen enfòmasyon piblik sou règ yo, pwosedi yo, estrikti a ak mekanis pou responsabilizasyon nan sa ki konsène dwa moun, patikilyèman nan ka esplwatasyon seksyèl ak abi.
Anplis pwosedi evalyasyon li dwe sibi, manm pèsonèl misyon an ta dwe resevwa yon fòmasyon ki konplè, avan yo deplwaye sou tèren an, konsènan prensip fondamantal Nasyonzini yo, sou dwa moun, sou prevansyon ak esplwatasyon ak abi seksyèl, sou pwoteksyon sivil ak pwoteksyon timoun.
Li fondamantal tou pou genyen yon òganis endepandan ki la pou resevwa plent yo, ankete sou tout akizasyon vyolasyon dwa moun, deside ki reparasyon ki nesesè epi voye kèk ka devan yon tribinal sivil ayisyen oswa yon tribinal nenpòt lòt peyi ki bay moun nan misyon an, pou yo kapab mennen ankèt, epi si sa nesesè pou yo pousuiv moun ki koupab la.
Amnisti Entènasyonal kondidere li fondamantal pou gen òganizasyon ayisyèn, ladan yo òganizasyon feminis, ki pou ta patisipe nan pwosesis la. Yo dwe konsidere tout memwa kolektif sosyete sivil la ak konesans li genyen sou kèk aksyon ki te debouche sou abi oswa lòt zak kondanab lè y ap defini ak aplike garanti pou dwa moun yo nan kad misyon sekirite a.
Pou fini, Amnisti Entènasyonal souliye kriz ayisyèn nan vin pi grav depi apre lanmò Jovenel Moise an 2021, sa ki fè vyolans gang kriminèl yo enstale kò li nan peyi a avèk vyolasyon dwa moun nan tout dimansyon. Listwa montre entèvansyon etranjè an Ayiti toujou debouche sou vyolasyon dwa moun avèk enpinite. Se sa ki fè fòk gen bon jan garanti serye sou dwa moun nan kad nenpòt ki misyon sekirite, jan Amnisti Entènasyonal te deklare sa nan lèt tou louvri ki pote dat 28 out 2023 li te voye bay Konsèy Sekirite Nasyonzini an.
