Almay deboulonnen Ekòs nan premye match Ewo 2024 la

KF: UEFA euro 2024

Ki pi bèl fason pou kòmanse yon konpetisyon w ap òganize lakay ou devan piblik ou? Jodi vandredi 14 jen an, Almay tou voye yon mesaj klè bay tout lòt peyi k ap patisipe nan Koup d Ewòp Nasyon yo, li p ap kite pijon bwa vin bat pijon nan kalòj li.

Pou premye match sa a ki t ap louvri Ewo 2024 la, se woule Almay woule Ekòs. Li domine li nèt depi nan kòmansman match la jiska lafen. Depi nan premye mitan li te gentan ap mennen 3 a 0 gras ak F. Wirtz (10′), J. Mussiala (19′) epi K. Harvertz sou penalite (45+1′).

Nan dezyèm mitan, alòske fanatik Ekòs yo te espere ekip yo a t ap reveye, Almay te kontinye domine pi rèd. Se konsa li ta pral make 2 lòt gòl pou mete eskò a a 5 gras ak N. Füllkrug (68′) ak E. Can (90+3′). Men Ekosè yo te rive sove lonè kanmenm gras ak yon gòl A. Rüdiger te make kont kan li nan 87èm minit.

Se konsa Almay ranpòte yon gwo gwo viktwa 5 – 1 epi li tou pran tèt klasman gwoup A a ki gen ladan li you Ongri ak Lasuis. De ekip sa yo gen pou toke kòn yo demen samdi 16 a 9 è nan maten. Menm demen an, ap gen 2 lòt match paske gwoup B a pral antre nan batay tou. N ap genyen Espay – Kwowasi a midi epi Itali – Albani a 3 zè nan apre midi.

Description de l'image