Nan yon kominike pou laprès, Primati a fè konnen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te vizite kan deplase ki nan Lekòl Nasyonal Repiblik Ekwatè a samdi 29 mas 2025 la.
Nan okazyon sa a, nan sa Primati a kalifye yon jès lespwa nan mitan doulè a, Mesye Fils-Aimé te deklare gouvènman an p ap abandone deplase yo, se pou sa li deplase pou l wè ak je l, paske lè li nan Primati a, se di yo di li.
Nan vizit sa a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te genyen avèk li Minis Afè Sosyal ak Travay la, Georges Wilbert Franck, Minis Zafè Imanitè a, Herwil Gaspard, ak Direktè FAES la, Serge Gabriel Colin.
N ap souliye depi Mesye Alix Didier Fils-Aimé nan tèt Primati a, se chak jou ki fè jou plis moun ap kouri kite katye yo al pran refij nan kan deplase pou chape anba vyolans gang yo ki pa sispann layite puisans yo epi bay otorite yo defi. Malgre diskou ak pwomès, Chèf CSPN nan pa rive fè bandi yo konprann kote ki gen granmoun, timoun pa boule kay.
Sa manman poul grate, se sa pitit li beke. Si Premye Minis la pa kapab garanti manm popilasyon an sekirite pou yo retounen al viv nan katye yo nan lapè ak diyite, yo ka reziyen yo ak detwa kit, detwa pwomès toujou.
