Alix Didier Fils-Aimé pa sou plan epi li anbake Ministè yo nan bati plan pou yon bon tranzisyon

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé / KF: Primati

Nan yon kominike pou laprès, Biwo Komimikasyon Primati a anonse Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé anbake Ministè yo nan bati plan aksyon pou yon tranzisyon òganize epi efikas.

Kominike a fè konnen Premye Minis la voye yon lèt sikilè bay manm gouvènman yo pou li ba yo oryantasyon estratejik nan bati plan aksyon pou Ministè yo, nan sousi pou respekte objektif Akò 3 avril 2024 la ki mande pou gen yon tranzisyon ki fèt nan lapè ak nan lòd.

Kominike a presize Premye Minis la montre Minis li yo jan li ijan pou leve eskanp figi peyi a epi atake pwoblèm ekonomik, politik ak sosyal yo nan tèt kole ant tout Ministè yo. Nan sans sa a, li mande Minis yo pou yo :

• Idantifye priyorite ki klè epi ki ka mezire nan chak sektè pa yo ;

• Travay nan kolaborasyon ak Konsèy Tranzisyon an ;

• Pran angajman fèm pou mete machin 5 pwen estratejik Akò 3 avril 2024 la an mach. 5 pwen sa yo se : Sekirite piblik ak sekirite nasyonal, redrèsman ekonomik ak reparasyon enfrastrikti yo, konferans nasyonal ak refòm konstitisyon, leta ki chita sou lalwa ak lajistis, eleksyon jeneral.

Pi lwen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé mande tout moun pou yo fè yon sèl, pou ministè yo, sektè prive a ak patenè entènasyonal yo travay ansanm pou tranzisyon an kapab reyisi. Li mande pou aktè yo pa chita ap pèdi tan men pou yo mete yo nan travay rapid vit pou popilasyon an kapab wè angajman yo pran yo se pa pawòl anlè sèlman.

Anfen, Premye Minis la fè konnen kad estratejik sa a montre volonte gouvènman an genyen pou li mete kanpe yon gouvènans ki pa nan kachkach liben sere liben, yon gouvènman ki pa mete pèsonn sou kote. Se pou sa li mande kominote entènasyonal la pou li kore tranzisyon an.

Description de l'image