Aktris ayisyèn Fabienne Colas ap resevwa Pri Doktè Honoris Causa

Kredi foto : Fondation Fabienne Colas

Aktris sinema Fabienne Colas genyen pou li resevwa Pri Doktè Honoris Causa nan Fakilte des beaux arts nan Concordia University jou k ap 6 Jen 2024 la. Nan okazyon sa a, Fabienne Colas pibliye yon mesaj felisitasyon ekriven ayisyen Dany Laferrière ki se manm akademi fransè a voye ba li.

Nan mesaj sa a, Dany Laferrière di li kontan pou li konnen Madam Colas pral mete tòj pi gwo grad inivèsitè a sou do li, grad doktè Honoris Causa. Li felisite li ak anpil respè epi li kwè aktris la merite grad sa a pou tout wout li fè nan karyè li. Dany Laferrière kontinye pou li di Fabienne Colas distenksyon sa a li resevwa a se fwi travay san fatige li l ap rekòlte, travay pou sinema epi kont rasis, ansanm ak mounite li toujou montre nan travay li. Akademisyen an mande Fabienne Colas pou li pousuiv wout li, li menm ki se pitit fi peyi d Ayiti, pou li pa gaspiye enèji li nan lòt pwojè pase nan sa ki tèlman fè anpil moun byen deja.

An repons, Fabienne Colas pa kache Jan li santi li kontan pou gran Dany Laferrière, yon nonm ki konn kijan pou li fè mo yo pale pawòl, fè yo depale lè l ap manyen yo, rive makònen bèl ti koze sa yo pou li. Li di sa ankouraje li pou li pa sispann travay, pandan li esprime privilèj li genyen pou li genyen Dany Laferrière kòm zanmi li ka fè konfyans, kòm konseye, gid epi sitou kòm idòl.

Fabienne Colas kontinye pou remèsye  tout moun ki di bèl ti pawòl sou li, ki voye li monte sou tout plafòm yo. Li fè konnen yo vide lanmou sou li tout kote. Li di doktora onorifik sa a se gras ak sipò san fay tout moun toujou ba li.

Li ajoute : Onè sa a se pou Ayiti li ye tou!!!

Fabienne Colas fèt nan Pòtoprens 18 mas 1979. Li se yon aktris, reyalizatris ak pwodiktris sinema k ap evolye nan Kebèk, Kanada. Se nan ane 2000 – 2001 piblik ayisyen an ta pral dekouvri aktris la nan feyton Pè Toma ki te konn pase sou TNH. Depi lè sa a, zetwal li pa janm sispann briye. Li jwe nan plizyè fim tankou Bouki nan paradi (2001), Barikad (2002), Convoitises (2005), Minuit (2008). Fabienne Colas se youn nan fanm ki pi enfliyan nan milye kiltirèl ak antreprenarya nan Kebèk. Li resevwa plizyè pri prestijye deja. Aktyèlman l ap dirije pwòp fondasyom li, Fondation Fabienne Colas, ki la pou fè pwomosyon sinema, la ak kilti.

Felisitasyon Doktè Fabienne Colas!

Description de l'image