Yon avyon ki t ap transpòte pasaje, ki kraze dimanch 29 desamm 2024 la pandan li ta pral ateri nan Ayewopò Muan, yon vil ki a 290 km Sewoul, fè 179 mò ak 2 moun ki chape nan sa yo kondidere kòm pi gwo katastwòf ayeryèn nan peyi sa a. TV5Monde ki rapòte enfòmasyon an fè konnen ta sanble avyon an t al fè kolizyon ak zwazo avan li ta kraze a.
Avyon sa a ki kraze a se pou konpayi sid-koreyèn Jeju Air, yon konpayi ba pri, ki t ap soti Bangkòk. Tout moun ki te nan avyon an peri nan katastwòf la eksepte 2 manm ekipaj ki te gen chans ale lopital nan Sewoul. De moun ki chape yo se yon entandan 33 zan ki gen plizyè blese, ak yon fanm 25 an ki blese nan chevi ak nan tèt.
Avyon an se yon Boeing 737 – 800 k ap vole depi 2009. Yo te wè lafimen ap soti nan motè li yo nan moman li ta pral ateri. Avyon an t al frape nan yon mi nan dènye bout pis la epi la menm li te tou pran dife.
Yon responsab lokal fè konnen lè avyon an frape a, li voye pasaje yo jete, konsa chans pou yo te chape pa te anpil ditou. Avyon an prèske detwi nèt epi li difisil pou idantifye moun yo ki mouri yo.
Anpil debri chèz avyon yo ak valiz pasaje yo te anvayi toutotou pis la, sa ki montre kijan chòk la te vyolan anpil.
Nan tèminal la, anpil pwòch pasaje yo te dlo nan je ap chèche enfòmasyon, pandan ekran yo t ap afiche non, dat nesans ak nasyonalite viktim yo.
Ponpye yo te fè konnen gen 65 pami 179 kò yo ki te deja idantifye epi yo te kontinye ap fè prelèvman ADN.
Vis Minis Transpò a, Joo Jong-Wang te anonse yo jwenn 2 bwat nwa yo ki anrejistre done vòl la.
Pou kounye a, yo panse se yon kolizyon avèk zwazo, mele ak move kondisyon meteyo ki ta lakoz aksidan an. Men se apre ankèt y ap kapab presize koz la egzakteman, se sa Lee Jeong-hyun ki se chèf kazèn ponpye Muan deklare.
Pap François fè konnen li priye pou viktim nan katastwòf ayeryèn sa a. Sen Pè a deklare : «Mwen panse ak tout fanmi sa yo ki nan lapenn an Kore Disid jodi a apre dram aksidan avyon sa a. Mwen priye pou moun ki chape yo ak sa ki mouri yo.»
