Se sou tèm Lang kreyòl, zouti rezistans pèp ayisyen an Akademi Kreyòl Ayisyen selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl lendi 28 oktòb 2024 la nan otèl Marriot nan Pòtoprens.
Nan okazyon sa a, anpil manm akademi an te prezan bò kote lòt pèsonalite tankou Rektè Inivèsite d Eta d Ayiti, Pwofesè Fritz Deshommes, Direktè Ansèyman Segondè, Mesye Miguel Fleurijean ki te reprezante Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Mesye Augustin Antoine, ak lòt pèsonalite ki angaje nan defans ak pwomosyon lang kreyòl la.
Piblik la ki te gen ladan li pwofesè, etidyan, elèv lekòl ak diferan sitwayen ki soti nan diferan sektè nan lavi nasyonal la te reponn prezan tou.
Se te okazyon pou anpil atis te prezante bay piblik la sa yo te gen nan djakout yo nan diferan prestasyon. Nou kapab site Renette Désir, Gwoup Matwouba, Twoup Teyat Nasyonal, Lodyansè Ti Sixto, pa egzanp ki pa te manke mete animasyon ak kè kontan nan asistans la.

Anpil pèsonalite te pran lapawòl nan sikonstans la kote yo te souliye kijan lang kreyòl la se zam rezistans pèp ayisyen an toujou itilize nan tout konba li mennen nan listwa pou libète ak lavi miyò. Mesye Miguel Fleurijean ki te reprezante Minis Edikasyon Nasyonal la te montre tout moun nèt ap panse pou yon pi bon demen nan peyi a. Kanta pou Pwofesè Fritz Deshommes ki se Rektè Inivèsite Leta a epi ki se akademisyen an menm tan, li te montre jèn yo pa lage pou kò yo, malgre tout sa y ap andire pa rapò ak etid yo. Akademisyen Samuel Jean-Baptiste li menm te pote yon mesaj lespwa pou chak jèn pandan li t ap di yo pa lage batay la. Vis Prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an, Madam Rosilia Francois Corneille, te ale nan menm sans la pandan li te souliye enpòtans lang kreyòl la nan tout konba liberasyon pèp ayisyen an.
N ap souliye selebresyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl la fèt nan yon kontèks gwo difikilte ane sa a kote ensekirite anvayi peyi a epi anpeche pèp la viv. Mete sou sa, kèk obsevatè regrèt se prèske menm meni an akademi an bay nan selebresyon yo chak ane avèk sa ki ta ka sanble yon retisans pou entegre lòt sektè nan monn kiltirèl la ki sèvi ak lang kreyòl la tou, tankou atis evanjelik yo.

