Nan yon match chofe jarèt avan kout souflèt ki pou lanse Kopa Amerika 2024 la, Ajantin domine Gwatemala 4 a 1 jodi vandredi 14 jen an nan estad FedEX Field nan Merilann, Etazini.
Pou kòmanse, se Gwatemaltèk yo ki ta pral ouvè mak la gras ak L. Martinez, jwè seleksyon Ajantin nan, ki te make kont kan li depi nan 4èm minit. Apre sa, 2 atakan vedèt seleksyon Ajantin nan ta pral make 2 gòl yo chak. Lionel Messi ta pral egalize dabò (12′) epi se menm li menm nan ki ta pral mete fen nan deba yo avèk yon dezyèm gòl (77′). Lautaro Martinez sou bò pa li ta pral enskri yon double tou avèk yon gòl penalite (39′) plis yon lòt gòl nan mitan match la (66′)
Avèk viktwa sa a, moral chanpyon dimonm yo byen wo pou y al defann tit yo nan Kopa Amerika a k ap kòmanse 20 jen k ap vini an kote Ajantin pral jwe premye match li kont Kanada nan estad Mercedes-Benz nan Atlanta.
