Ajantin premye kalifye nan zòn Amsud pou Mondyal FIFA 2026 la

© Selección Argentina

Seleksyon Ajantin Foutbòl Maskilen an vini premye ekip nan zòn Amsud la ki dekwoche kalifikasyon li pou Mondyal FIFA 2026 la madi 25 mas 2025 la.

Nouvèl kalifikasyon sa a vin retire tout presyon sou ekip Ajantin nan jis avan li rankontre pi gwo rival li nan monn foutbòl la, Seleksyon Brezil la ki li menm nan batay toujou pou kalifikasyon li.

Nòmalman Ajanten yo t ap bezwen yon match nil sèlman pou yo te asire kalifikasyon yo devan Brezil. Men ak match nil 0 a 0 Irigwe fè ak Bolivi, sa pa menm nesesè. Ekip Ajantin nan deja kalifye matematikman avèk 28 pwen nan tèt klasman an apre 13 jounen konpetisyon.

©Selección Argentina

Avèk kalifikasyon sa a, konpayèl Lionel Messi yo asire yo pral defann tit chanpyon yo nan Mondyal FIFA 2026 la nan peyi Kanada, Etazini ak Meksik. Yo kapab sèlman kontante yo fè ti chenè ak Brezil ki pa ko konnen ki kote li gad li menm.

Description de l'image