Nan kad 10èm edisyon FIFA koupdimomm Foutsal k ap dewoule nan peyi Ouzbekistan depi 14 septanm pou bout 6 oktòb 2024, Ajantin pase men sou Lafrans nan 1/2 final jedi 3 oktòb sa a sou eskò 3 a 2 pou li kalifye pou gwo final la.
Se premye fwa Lafrans t ap patisipe nan konpetisyon entènasyonal FIFA sa a kote li reyalize yon bèl pèfòmans lè li rive nan kare final la sou 24 nasyon ki t ap patisipe. Men, akoz rivalite ki pran nesans ant Lafrans ak Ajantin depi Mondyal Kata 2022 a epi ki gen tandans reparèt nan tout espò, Lafrans te espere mete do Ajantin atè pou li te ka vanje laras. Men se te byen konte mal kalkile.

Kanta Ajantin, sa fè 3èm final youn dèyè lòt l ap patisipe nan kad konpetisyon sa a. Li te ranpòte final la an 2016 epi an 2021 li ta pral fè bèk atè devan Pòtigal ki te ranpòte twofe a.
Ajantin gen pou l al toke kòn li dimanch 6 oktòb la ak Brezil, gran rival li nan zòn Amerik Disid la, li menm ki te mete do Ikrèn atè sou menm eskò 3 a 2 a nan lòt 1/2 final la.
Brezil se ekip ki plis titre nan konpetisyon an avèk 5 tit (1989, 1992, 1996, 2008, 2012). Final sa a pral yon match chick chèk chòk ant 2 gran jeyan foutsal mondyal la pou pi bèl plezi fanatik yo.

