Menm si Ajantin ranpòte viktwa kont Kanada 2 – 0 nan match ouvèti Kopa Amerika 2024 la, yo mete prestasyon yo ki pa te fin nan nivo chanpyon dimonm yo sou do tèren estad Mercedes-Benz nan Atlanta a ki sanble te konplike jwèt atlèt sa yo ki abitye woule balon sou tout gwo pelouz nan lemonn.
Emilano Martinez fè konnen tèren an se yon dezas. «Nou rive isi a kont yon ekip Kanada ki fò avèk yon seri bon atakan sou yon tèren ki se yon dezas, sa te konplike tach nou. Nou te kapab make plis gòl. Se te yon dezas. Lè w ap kouri, w ap sote. Angelito, an palan de Di Maria, te nan yon fas a fas ak gadyen an epi li fini sou pye dwat paske li pa te kapab mete balon an sou bon pye li, tèlman tèren an pa t bon. Nou dwe amelyore aspè sa a. Si se pa sa, y ap toujou wè Ewo a siperyè Kopa Amerika a.
Defansè Cristian Romero ale nan menm sans la. «Tèren an pa te bon. Sa te fè match la difisil pou nou. Men se pa yon eskiz, nou te jwe yon bon match. Mwen panse nou te montre yon lòt fwa nou bon epi nou toujou gen menm swaf la pou nou mennen ekip nasyonal la pi wo posib.
Antrenè a li menm, Lionel Scaloni, di li soulaje paske yo genyen nan kondisyon ki te konplike akoz eta pelouz la. «Avèk tout respè, mwen di Bondye mèsi nou genyen. Depi 7 mwa nou te konnen se isi a n ap jwe epi sa fè 2 jou depi yo chanje gazon an. Sa pa bon pou espektak la. Se pa yon eskiz. Estad la bèl epi avèk gazon sentetik, li ta dwe estrawòdinè, men ak sa jodi a, li pa adapte pou tip jwè sa yo.»
