Seleksyon Ajantin Foutbòl Maskilen an t ap resevwa rival li, Seleksyon Brezil la, madi 25 mas 2025 la, nan kad 13èm jounen kalifikasyon zòn Amsud pou Mondyal FIFA 2026 la, nan estad Más Monumental nan vil Buenos Aires, lakay Ajantin.
Nan okazyon sa a, se yon veritab koreksyon Ajanten yo pase Brezilyen yo pou selebre kalifikasyon yo ki te deja konfime kèk moman avan match sa a gras ak match nil 0 a 0 ant Bolivi ak Irigwe. Nan yon match Ajantin te domine nan tout sans, mesye Lionel Scaloni yo pase Brezilyen yo 4 a 0 devan piblik yo, san Lionel Messi blese, pou selebre kalifikasyon yo.
Depi byen bonè nan match la, J. Alvarez te louvri eskò a pou montre entansyon Ajanten yo (4′). Kèk minit apre, E. Fernandez ta pral make 2 a 0 devan yon ekip Brezil ki pa te sanble fè pwa menm (12′). Men sou yon erè C. Romero, M. Cunha ta pral vòlè yon balon epi mete yon chout ki ta pral dodomeya nan filè Ajanten yo pou mete match la 2 a 1 (26′).
Gòl sa a te sanble remete konfyans lakay Brezilyen yo men sa pa t ap pran tan pou yon lòt bokit dlo frèt te tonbe sou tèt yo ankò lè A. Mac Allister ta pral reprann yon balon nan pwen penalite a pou make 3 a 1 an pou ekip Ajantin nan (37′).
Nan dezyèm mitan an, antrenè yo te fè kèk chanjman. E se yon jwè ki te apèn monte, G. Simeone, ki ta pral repranm yon sant nan sifas reparasyon an pou make 4 a 1 pou Ajantin (71′).
Avèk viktwa eklatan sa a sou gran rival Brezilyen an, Ajantin montre entansyon li pou al defann tit chanpyon li nan Mondyal FIFA 2026 la k ap fèt nan peyi Kanada, Etazini ak Meksik. Fòk yon ekip leve bonè pou mete do li atè.
