Jedi 20 jen sa a se te lansman Kopa Amerika 2024 la nan peyi Etazini ant 12 Nasyon Amerik Disid yo plis 4 nasyon Konkakaf.
Match ouvèti a te opoze Ajantin ki se chanpyon an tit ak Kanada. Jan tout moun te kapab ap tann sa, Ajantin te mete pye li sou balon an epi li t ap woule balon (65% posesyon kont 35% pou Kanada). Men tou te gen anpil maladrès, sitou nan finisyon yo. Menm Lionel Messi ak Angel Di Maria pa te montre yo abil ditou devan gòl la. Yo te rate anpil okazyon ki t ap fè mouch òdinèman. Men Kanadyen yo pa te pi abil pase sa tou paske nan plizyè okazyon, yo te ka louvri eskò a tou si atakan yo te pi sou pik yo nan sware a. Se konsa premye mitan an ta pral fini 0 – 0.
Nan dezyèm mitan an, Ajantin te kontinye mete pye li sou balon an. Epi sitiyasyon an ta pral chanje. Se konsa Julian Alvarez ta pral benefisye yon bon balon nan kare reparasyon an nan 49èm minit, san ezite li te lage li nan filè a pou te pèmèt Ajantin mennen 1 a 0. Apre sa maladrès yo ta pral kontinye nan tou de kan yo.
Men nan 88èm minit, Lionel Messi te lanse Lautaro Martinez ki te vin ranplase Julian Alvarez, epi Martinez pa te poze kesyon, li te glise balon an anba janm gadyen Kanada a tou dousman pou make 2 – 0 a.
Se konsa Ajantin ranpòte premye viktwa li nan konpetisyon an ki pral enpòtan anpil pou suit la. Jodi a se yon sèl match k ap genyen kote 2 lòt ekip nan poul A a, Pewou ak Chili, pral toke kòn yo a 8 è PM nan estad AT&T nan Alingtonn, Tegzas.
