Ajantin bay Ekwatè yon ti goute

KF: Selección argentina sou X

Manje a pa ko kwit. W a jwenn li nan Kopa a. Goute ti sa a toujou, kenbe kè. Se sa seleksyon Ajantin foutbòl la di Ekwatè nan match zanmitay dimanch 9 jen an nan kad preparasyon Kopa Amerika a ki pral kòmanse 20 jen k ap vini an lè li ranpòte yon ti viktwa tou kout.

Yon gòl a zewo, se konsa match la fini an favè Albiceleste a gras ak yon gòl atakan vedèt li epi kapitèn pou sware a, Angel Di Maria, nan 40èm minit. Men tou, Ajantin te domine match la nan tout sans avèk 65% posesyon.

N ap raple pou Kopa Amerika a ki pral dewoule nan peyi Etazini, Ajantin ki se chanpyon an tit nan poul A ki gen ladan li tou Pewou, Chili ak Kanada. Ekwatè li menm nan poul B ki gen ladan li tou Meksik, Venezyela ak Jamayik. Ajantin ap jwe 1e match li 20 jen kont Kanada nan estad Mercedes-Benz nan Atlanta a 8 è PM.

Description de l'image