Tankou yon zetwal ki etenn nan syèl peyi d Ayiti, konpayi retransmisyon televizyon NUTV pa limen jodi dimanch 2 jen an nan salon abone yo.
Depj fen mwa mas, NUTV te voye mesaj bay kliyan li yo pou te anonse yo li t ap sispann retransmisyon li yo apati 31 me a akoz sitiyasyon peyi a ki anpeche li bay kliyan yo bon sèvis kòmsadwa.
Nan sans sa a, anpil kliyan t ap panse NUTV ap lage yo nan lavèy final ligdèchanpyon UEFA a. Men li te rete limen tout jounen 1e jen an. Sanble se te yon barad men NUTV pa te chanje lide. Jounen dimanch 2 jen an, pa gen okenn nan 116 chèn yo ki limen.
Nan yon kontèks difisil kote se lalwa moun ak zam ki pale nan peyi a, kèk moun te vle kwè koze mete nouvo gouvènman k ap pale a te kapab bay antreprenè yo konfyans pou te eseye pa prese lage kliyan yo pandan nou pral antre nan yon ete ki chaje evènman espòtif.
Malerezman, sanble konfyans la ap pran tan pou li retounen, si l ap retounen.
Anplis kliyan yo ki kapab toujou al abòne nan yon lòt konpayi si tout p ap suiv menm chemen an, kisa tout pil anplwaye ki t ap travay nan konpayi sa a ki pèdi djòb yo pral fè? . Èske nouvo gouvènman ki pral monte a va resi rive fè Haiti open for business? (Ayiti ouvè pou biznis).
