7èm edisyon festival literè PAWOLI dewoule nan vil Gonayiv

Kisa literati ka fè devan kriz sosyopolitik yo ? Se sou tèm sa a site Lendepandans la akeyi 7èm edisyon festival literè PAWOLI ane sa a soti 23 rive 26 me. Gary Victor, gran womansye ayisyen an tout moun konnen se envite donè festival sa a.

Plis pase yon ventèn otè an siyati ak plizyè santèn tit disponib, yon dizèn aktivite literè ak atistik, tankou konferans, atelye, espozisyon, tablewonn, eks. Ane sa festival la ofri bay piblik literè a yon meni ki rich anpil.

Se klèb PAWOLI ak sant PEN nan Gonayiv ki òganize festival sa a ak konkou divès enstitisyon tankou Ministè Kilti ak Kominikasyon epi Direksyon Nasyonal Liv.

Description de l'image