5 jen : Jounen Entènasyonal Anviwònman

5 jen se Jounen Entènasyonal anviwònman. Nan okazyon sa a Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil pibliye yon mesaj pou pouse nou aji epi fè plis pou pwoteje ak repare planèt nou an. Tèm selebrasyon an ane sa a se : Reparasyon tè yo, dezètifikasyon ak rezistans fas ak sechrès.

Anviwònman nou an ap fè fas ak plizyè pwoblèm tankou biyodivèsite a n ap pèdi, ekosistèm yo ki efondre, ak chanjman klimatik. Patikilyèman, gen yon melanj toksik polisyon ak move esplwatasyon pyebwa yo ki vle kaba kantite pyebwa nou yo ki te deja pa anpil, ansanm ak tè nan plenn nou yo ki konn pwodui manje. Konsa yo anpeche tè a sèvi ekosistèm yo.

Epoutan atravè lemonn syantifik yo toujou ap sonnen klòch pou fè nou sonje aktivite iresponsab moun ap fè ap detwi kad lavi nou, epi nou bezwen rezoud pwoblèm anviwònman an pandan n ap bat pou nou pa blese lanati. Konsa, li enpòtan pou tout peyi respekte angajman yo te pran pou repare tè yo ansanm ak ekosistèm ki degrade yo.

Ayiti dakò pou li pwoteje anviwònman an, nan benefis jenerasyon kounye a ak sa ki gen pou vini yo. Lè li te dakò siyen Konvansyon 1992 la nan Riyo pandan Konferans Nasyonzini sou devlopman an (CNUED), ak siyati Trete klimatik entènasyonal la an 2017 yo te adopte nan Konferans pati yo (COP21), tout sa konfime volonte li pou travay kont konsekans negatif chanjman klimatik yo sou anviwònman an.

Nou tout konnen peyi nou pa epanye de danje ki gen rapò ak ris anviwònmantal ak chanjman klimatik. Okontrè ! Nan sans sa a, direksyon jeneral Pwoteksyon sivil ansanm ak Sekretarya pèmanan jesyon ris ak dezas pran angajman pou kontinye fè sansibilizasyon, pou chèche pi bon pratik epi veye pou tout moun potekole nan pwoteksyon anviwònman an.

Sistèm nasyonal jesyon ris ak dezas santi li konsène anpil nan konba sa a , paske se lè n ap pran swen tè yo ak biyodivèsite yo n ap kontribye tout bon pou atenn objektif devlopman dirab yo (ODD) an jeneral epi espesyalman sa ki konsène anviwònman an.

An nou tout travay ansanm pou yon anviwònman pi pwòp.

Description de l'image