Fyète Kreyòl Enfo ap pibliye mesaj Rektè Invèsitè Leta Ayiti nan okazyon selebrasyon 221èm anivèsè drapo nasyonal la, nan dat 18 me 2024. Nan mesaj sikonstans sa a li te livre nan seremoni ofisyèl pou fete drapo a, Fritz Deshommes te pwofite pale de demach Inivèsite Leta a pou wè si nou ta ka rive rekipere tout ranson gran puisans yo – tankou Lafrans, Lespay, Lalmay, Langletè, Etazini, te blije Ayiti peye nan 19èm ak kòmansman 20èm syèk la, nan move kondisyon. Fyète Kreyòl Enfo envite nou li tout diskou nimewo 1 inivèsite Leta a.
Pou 18 me sa a, Inivèsite Leta a ap pote yon gwo soufrans.
Soufrans pou peyi a k ap depafini.
Soufrans pou pifò popilasyon an k ap debat anba grangou, lamizè, ensekirite, maladi, chomaj, nan yon nivo peyi a pa t janm konnen.
Soufrans pou elèv ak etidyan, pou mèt ak pwofesè ki pa ka pwoche ni nan lekòl ni nan Inivèsite
Soufrans Inivèsite Leta a li menm ki sibi yon dividal zak agresyon, piyay, ensandi ak okipasyon nan plizyè Fakilte.
N ap soufri men nou pa bay legen.
N ap soufri men nou pa sispann reflechi. Nou pa bliye wòl nou nan sosyete a kòm gid, kòm limyè, kòm konsyans
Nou pa bliye reskonsablite nou pataje ak tout lòt inivèsite nan peyi a kòm vijil, kòm gadò Drapo a. Drapo sa a n ap komemore jounen jodia. Epi nou pa blilye tou enpòtans Drapo sa a. Pou nou menm ak pou limanite. Drapo sa a ki ede kreye anpil lòt Drapo. Drapo sa a ki senbolize libète pou nou menm ak pou anpil lòt pèp. Drapo sa a ki se te premye kout tiwèl pou nou mete plat atè lesklavaj, kolonyalis, rasis nan lemonn antye. Drapo sa a anpil lòt peyi ap selebre.
Drapo sa a ki fè n sonje kote n sòti, kiyès nou ye ak ki gwosè eritaj nou resevwa. E k ap raple n nou pa ka bat ba, nou pa ka bese lèzam. Zansèt nou yo te sibi plis pase sa.
Epi li klè kou dlo kòk sa k ap pase la a, sitiyasyon n ap viv la a, depaman kare bare ak peyi nou te di n vle konstwi a, ak pwojè sosyete nou t al vote nan dat 29 mas 1987 la. An nou raple nou te bay yon vòt lajman laj :
- Pou yon Leta djanm, solid, lejitim, desantralize, ki granmoun tèt li, k ap pran lòd nan men sitwayen l yo ;
- Pou tout timoun al lekòl, pou tout sitwayen ki gen kapasite ka al nan Inivèsite ;
- Pou yon refòm agrè total kapital pou bouste agrikilti ak pwodiksyon manje nan peyi a;
- Pou Ekonomi peyi a marande ak resous peyi a ; pou tout sektè nan ekonomi an ka kole zepòl yon ak lòt ;
- Pou tout sitwayen ka jwenn lavi, lasante, travay, jistis, sekirite, lapè, lojman, …
- Pou tout sitwayen alawonnbadè gen menm dwa, menm opòtinite, menm obligasyon.
Se peyi sa a n te reve a. se peyi sa a nou pa sispann reve a.
Nou konnen l pa fasil. Nou konnen pou n rive la, nou bezwen anpil kouraj, anpil volonte, anpil resous.
Pèp ayisyen montre deja li gen anpil kouraj. E li pa manke volonte. Eksperyans kanal la ban nou yon bon egzanp. E si manm Konsèy Prezidansyèl yo vle pran Konstitisyon an kòm bousòl, sou jan yo dwe mennen bak peyi a sou plan ekonomik, sou plan sosyal, sou plan kiltirèl, sou plan politik, y ap reyisi misyon yo edmi twa ka.
Se vre n ap bezwen resous. Resous moun, resous lajan, resous teknik, elatriye.
Peyi a gen moun, plis pase n panse. Moun anndan, nan tout kwen, moun nan vil moun nan plenn, moun nan mòn; moun deyò, dyaspora a . E menm kèk etranje ki damou peyi d Ayiti.
Pou resous lajan, Inivèsite Leta a rantre nan yon demach pou n wè si n ta ka rive rekipere tout ranson gran puisans yo – tankou Lafrans, Lespay, Lalmay, Langletè, Etazini – te blije n peye nan 19èm ak kòmansman 20èm syèk la, nan move kondisyon. N ap kòmanse ak Dèt Lendepandans lan ki se dosye ki pi enpòtan an e ki sanble li ka vanse pi vit. Nou sonje Prezidan Aristid te lanse dosye sa a nan lane 2003. N ap tou pwofite manyen kesyon preferans komèsyal bab e moustach nou te blije konsanti an favè Lafrans pandan prèske 2 syèk nan menm moman Lafrans t ap rekonèt Endepandans nou an.
Nou envite Konsèy Prezidansyel la , Gouvènman an ak tout sosyete a pou yo potekole nan demach la. Nou konnen n ap gen pou n pran tout prekosyon pou lajan an itil toutbon, pou l byen depanse, pou l pa pase tankou CIRH ak Petro Karibe. Epi fòk Konsèy la ak tout gouvènman an kòmanse prepare l pou l fè bon jan dialòg ak bonjan negosyasyon ak peyi Lafrans.
Sou menm chapit sa a, nou ankouraje Konsèy Prezidansyèl la kole kò l bò kote Karikòm ak peyi Afrik yo ki deja angaje yo byen fon nan yon gwo Dosye “Reparasyon”. Se reparasyon tout domaj, tout abi, tout enjistis nou te sibi akòz kolonyalism ak lesklavaj. Se yon dosye serye ki deja mobilize anpil peyi, anpil òganizasyon, anpil pèsonalite nan lemond. Pa gen rezon pou peyi d Ayiti pa rantre ladan l. Pa bliye koloni Sen Domeng ki vin Ayiti se te koloni ki te pi rich, pi reprezantatif sou sa k te kolonizasyon ak lesklavaj.
Epi, nan eta n ye la a, nou bezwen anpil zanmi. Gen plizyè peyi ak plizyè pèp nan lemonn nou te ede e ki toujou sonje sa. Genyen nou te ede pran endepandans yo, genyen se esklav yo nou te ede libere. Genyen se egzanp yo te pran sou nou. Gen lòt se defann nou te defann yo nan enstans entènasyonal pou yo pa t pran move desizyon kont yo. Gen lòt nou voye je sou yo pandan yo te nan malsite. Anpil nan peyi sa yo, anpil nan pèp sa yo ta byen renmen montre nou solidarite yo, rekonesans yo. Li ta bon pou , anplis zanmi tradisyonèl nou yo, nou amenaje yon espas espesyal pou zanmi sa yo ki ta swete kole zepòl ak pèp ayisyen, sitou nan move moman n ap pase la a . Konsèy Prezidansyèl la ta dwe pran dosye sa a oserye. Li ta ka menm kreye yon konsòsyòm espesyal ak peyi sa yo.
Pou dyaspora a, Konsèy la ta dwe rezève yon tretman espesyal. Dyaspora a gen moun, li gen resous. Epi nan moman peyi ak tout Leta a gen yon nivo depandans nou pa t janm konnen, dyaspora a ka fè enfliyans li jwe nètalkole anfavè peyi d Ayiti. Gen de dosye gouvènman ka bezwen fè mache, dyaspora a ka bay presyon pou nou, sitou konpatriyòt nou genyen nan gwo peyi tankou Etazini, Lafrans, Kanada.
Peyi nou an ka chanje. Wout la trase deja. Se nou ki pou deside pran chimen an. Nou ka jwenn resous pou sa. Nou ka al chache resous sa yo divès kote.
Se nan lespri sa a n ap swete tout gran reprezantan Leta yo, tout reprezantan Inivèsite yo, tout elèv, tout etidyan, tout pwofesè, tout konpatriyòt alawonnbadè :
Bon Fèt Drapo
Bon Fèt Inivèsite.
Mèsi anpil
FRITZ DESHOMMES
REKTE
