2 Meday dò pou wòm Barbancourt

KF: Kont X wòm Barbancourt

Wòm Barbancourt anonse sou kont X li li ranpòte 2 meday dò ankò nan gwo konkou Beverage Testing Institute 2024 la.

Se wòm Barbancourt 3 etwal la ki vyeyi 4 an avèk rezèv domèn nan ki vyeyi 15 an ki medaye nan okazyon sa a.

Se Société du Rhum Barbancourt S.A ki pwodui wòm Barbancourt an Ayiti avèk bon ji kann pi, apati yon metòd granmoun lontan yo transmèt de jenerasyon an jenerasyon.

Wòm Barbancourt egziste depi 18 mas 1862. Se Dupré Barbancourt ki te kreye wòm sa a ki pa sispann fè drapo fyète peyi d Ayiti a flote tout kote nan lemonn.

Description de l'image