Ayiti ap fè esperyans sa ki ta ka sanble yon prezidans 9 tèt. Peyi sa a tèlman pase mati anba men politisyen, li oblije eseye tout bagay. Men anpil, chay pa lou. Ou pa janm konnen, sa yon moun pa janm ka fè, petèt 9 ta ka fè li.
Avan pou te mete mòd envansyon ayisyèn sa a kanpe, anpil aktè politik te konn ap pale de «tranzisyon koupe fache», «dènye tranzisyon». Men nan moman pou yo chwazi moun yo, se menm aktè yo ki reparèt, kòmsi sistèm nan pran pwen pou li renouvle tèt li. Tank sa chanje, tank sa vin pi mal.
Sa fè pratikman yon mwa depi konsèy sa a enstale nan tèt peyi a. Kilès ki kapab di gen yon aksyon ki fèt ki ta vle montre koupe fache ak pratik politik politisyen ayisyen yo?
An reyalite, sa konsèy sa a fè plis, se nòt pou laprès ak reyinyon. Men si ou ale sou paj X li, nòt yo pa ekri nan lang pèp ayisyen an pale a. Èske sa ta vle di se pa pawòl pèp la k ap pale? Èske pèp la pa ta bezwen konprann si gen yon bagay k ap fèt?
An jeneral, lè moun pran pouvwa, li genyen yon plan klè li pral egzekite pou montre prezans li. Jan pawòl la di a, chanje mèt ta dwe chanje metye. An Ayiti yo konn di bay Prezidan an 100 jou. Men yon moun ki pran pouvwa pa ta bezwen 100 jou pou montre banda a chanje si li te genyen yon plan nan tèt li ak yon ekip pou egzekite plan sa a.
Nan peyi Etazini pa egzanp ki nan ane elektoral, an jeneral kandida a di men kisa l ap fè nan premye jou a (day one). Lè Prezidan Biden pran pouvwa a an 2020, li annik fin prete sèman, li ale nan biwo li, li siyen 15 dekrè pou montre li koupe fache ak yon seri politik administrasyon ki te la avan an, pou montre chanje mèt, chanje metye.
Apre konsèy sa a fin enstale 24 avril 2024, premye sa yo fè, se twoke kòn pou wè nan yo 9 la, kilès ki pi Prezidan pase lòt. Fòk chak moun fè yon ti kou tou. Ayiti? De ki afè Ayiti n ap pale? Fòk chak moun fè yon ti kou. Pwen ba.
Dakò. Chak moun ap fè yon ti kou. E aprè? Nan sistèm politik ayisyen an, fòk gen yon Premye Minis pou dirije gouvènman an. Konstitisyon an di «Prezidan an chwazi Premye Minis li». Wi, men si gen 9 Prezidan? Yon lòt envansyon ayisyèn : fè enskripsyon.
Annatandan, peyi a fini tankou yon kreyon. Chak moun ap eseye fè ti cho pa li. Kisa sa itil peyi a yon moun al vizite yon lise? Kisa sa itil peyi a yon moun al Okap? Men sitou, kisa sa koute peyi a yon moun al vizite yon lise? Se yon Prezidan k ap deplase, ki resous Leta oblije mobilize?
E si lè yo ta resi nome yon Premye Minis, pou suiv bon egzanp, li ta louvri enskripsyon pou moun al depoze pyès pou chak pòs ministeryèl pou li ka fòme gouvènman li?
Pandan tan sa a, tan ap pase. Nou gen tan, nou ka pèdi tan. Si nan 2 zan anyen pa regle, ap toujou gen yon gwo blan pou mache nan radyo pou di pa kapab gen yon lòt tranzisyon nan yon tranzisyon.
Podyab Ayiti !
