18 novanm 1803, zansèt nou yo te brave danje pou nou te kapab sèl mèt tèt nou, yo te afwonte lanmò pou nou te kapab viv ak diyite devan lemonn antye. Se te dènye batay ki pou te kaba sistèm ki te vle fè kwè gen moun ki moun pase moun, gen moun ki dwe rete ak moun nan. 18 novanm 1803, chwa a te klè pou zansèt nou yo : «LIBÈTE OU LANMÒ !» Yo te derefize aksepte pou yo menm ak pitit pitit yo pa gen dwa viv alèz nan yon peyi ki rele yo chè mèt chè mètrès.
18 novanm 1803, kout fizi te mare nan Okap. Se te batay gason kanson ki te konnen yo te ka mouri, men menm si yo te mouri, yo t ap batay pou yon kòz ki jis, pou pitit pitit yo ta kapab gade tout moun nan je, pou yo di : «Nou se yon ras moun ki konn sa nou vle, nou pa desandan ras moun ki lach, pèsonn pa ka anpeche nou viv an pè sou bout tè gran paran nou yo te bay san yo pou li a.»
18 novanm 2024, egzakteman 221 lane apre gwo viktwa sa a zansèt nou yo te ranpòte kont lenjistis, viktwa ki enspire konba anpil pèp nan lemonn antye, se tris pou wè kisa elit ayisyèn yo fè ak ideyal zansèt yo. Jounen jodi, peyi a ap viv yon kriz plizyè dimansyon li pa te janm konnen avan, plis pase mwatye popilasyon an ap mouri grangou, mete sou sa, gang ame kontwole prèske tout peyi a, nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak anpil lòt kote nan peyi a, yo fòse pitit pitit ewo Vètyè yo kouri kite kay yo, lè yo pa touye yo. Popilasyon an lage san sekou pandan otorite peyi yo sèlman enterese nan satisfè pwòp tèt pa yo, san yo pa voye je gade pèp la k ap peri.
Okenn dirijan pa kapab ale Vètyè kote anpil san zansèt yo te koule pou al rann yo omaj. Dirijan sa yo pè akoz sitiyasyon ensekirite a ki fè Leta pèdi kontwòl peyi a. Yo kapab jis kontante yo al depoze jèb flè nan Mize Panteyon Nasyonal. Pa gen parad militè ankò. Nou pèdi tout fyète nou kòm pèp.
Devan sitiyasyon pèp ayisyen ap viv jounen jodi, ki dirijan k ap gen kouraj pale de Vètyè alòske yo pa kapab pran responsabilite yo pou leve eskanp figi pitit pitit ewo Vètyè yo ? Èske ajisman ak lachte dirijan yo pa montre yo trayi ideyal Vètyè a kote zansèt yo te kase chenn lesklavaj ak diskriminasyon pou nou tout te mache tèt dwat devan tout pèp sou latè ?
Nou menm pitit pitit gason vanyan Vètyè yo, kijan nou fè ap kouri devan danje ? Kilès k ap pwoteje madanm nou, pitit nou ? Èske se pa moman pou nou ta kite lespri Vètyè penetre nou pou nou ta di twòp se twòp, nou deside kanpe pou nou defann eritaj sa a zansèt yo te bay san yo pou li a ?
Nan kondisyon lawont n ap viv jounen jodi kòm pèp, si nou pa fwete ògèy nou kòm pitit vanyan zansèt nou yo pou nou chanje fizi nou zepòl, pou nou reyalize se pa pou nou te viv nan lawont, nan endiyite, nan mizè ak malsite zansèt nou yo te bay san yo, èske n ap gen kouraj pale de Vètyè ?
Li lè li tan pou nou onore zansèt nou yo tout bon lè nou deside leve kanpe pou kontinye batay yo te livre pou nou viv tankou moun, san nou pa bezwen resevwa lòd nan men pèsonn, men pou nou kapab pran responsabilite tèt nou, kòm pèp ki lib, ki fyè, ki konnen sa li vle.
18 novanm 2024 : LIBÈTE OU LANMÒ ! Se yon chwa pou nou fè pou nou ka pale de Vètyè ak zansèt nou yo san nou pa bezwen ap bese tèt nou !

