1/8 de final Ewo 2024 : Angletè ak Espay an granmoun !

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA EURO 2024 sou X

Angletè ak Espay tranble jodi a nan match 1/8 de final Ewo 2024 la an Ewòp. De pwa lou nan moman an nan foutbòl ewopeyen sa yo t ap goumen jodi a pou yon plas nan 1/4 de final apre Lasuis ak Almay te fin valide tikè pa yo yè samdi 29 jen an.

Toudabò, Angletè te fas pou fas ak Eslovaki ki te keyi yo nan 25èm minit gras ak yon gòl I. Schranz. Mitan an te fini 1 – 0 nan avantaj Eslovaki. Nan dezyèm mitan an, tout tantativ Anglè yo te echwe epi ou te ka kòmanse li desepsyon sou vizaj fanatik anglè yo ki te prèske kriye paske se segonn ki t ap konte pou abit la mete fen nan match la lè J. Bellingham fè yon retounen akwobatik nan kare a pou li te voye balon an nan filè Eslovaki (90+5′). Delivrans ! Angletè egalize ! Yo te repati a zewo pou pwolongasyon kote H. Kane ta pral fè yon kout tèt depi nan premye minit la pou li te bay Angletè avantaj nan match la (2 – 1).

Se konsa match la fini nan avantaj Anglè yo apre 120 minit yo. Eslovaki oblije mare pakèt li kite konpetisyon an, Anglè yo yo menm pase pou al jwe 1/4 de final.

Nan dezyèm match la kote Jòji t ap toke kòn li ak Espay ki te pase faz gwoup yo avèk 9 pwen sou 9 san li pa pran yon gòl menm, Jòji te sezi Espanyòl yo, yo kondidere kòm youn nan pi gwo favori pou ranpòte tounwa a, lè yo te make yon gòl depi nan 18èm minit avèk jwè espanyòl R. Le Normand ki te make kont kan li.

Tankou yon bèt blese, yo te leve Espay sou nich li epi yo ta pral peye sa chè. Espay pa te kontante li egalize nan 39èm minit gras ak Rodri epi make yon dezyèm gòl nan 51èm minit avèk Fabian Ruiz pou yo te ranpòte viktwa a. Yo ta pral make yon twazyèm avèk Nico Williams (75′), plis yon katriyèm avèk D. Olmo (83′). Finalman, se yon veritab leson Jòji pran. Espay fè li respekte granmoun pou li pa janm fè sa ankò. Pandan l ap ranje malèt li bay Almay blanch, machin espanyòl la li menm ap kap voum pou 1/4 de final.

Espay gen pou li fè fas ak Almay, peyi òganizatè a, nan 1/4 de final vandredi 5 jiyè a midi. Se de towo ki pral rankontre. Sa k pi fò a va mete do lòt la atè.

Angletè li menm gen pou toke kòn li avek Lasuis samdi 6 jiyè a midi.

Ewo a ap kontinye demen avèk 2 lòt match 1/8 de final.

Lafrans – Bèljik a midi

Pòtigal – Esloveni a 3 zè PM.

Description de l'image