1/8 de final Ewo 2024 : Almay pase san tranble

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA EURO 2024 sou X

Apre Lasuis te fin kreye sipriz jounen samdi 29 jen an lè li pouse do Itali ki se chanpyon an tit deyò nan Ewo 2024 la, se ta pral tou pa Almay, peyi òganizatè, pou li t al fas pou fas ak Dànmak nan dezyèm 1/8 de final la.

Almay ki se youn nan prensipal favori pou ranpòte Ewo sa a ta pral mete mak li sou match la byen bonè. Li ta pral pouse atak sou atak kont kan Dànmak la men tout tantativ li yo te echwe nan yon premye tan. Se konsa premye mitan an ta pral fini 0 – 0.

Nan kòmansman dezyèm mitan an, Dànmak te menm manke pran devan nan match la si se pa te yon pozisyon òje ki fè VAR a te anile gòl yo te make a. Detwa minit apre, K. Harvest (54′) ta pral pèmèt Almay louvri eskò a gras ak yon penalite li te transfòme apre yon defansè danwa te koupab de yon men nan kare reparasyon an. Epi nan 68èm minit, J. Musiala ta pral double miz la pou Alman yo pou pèmèt yo choute Dànmak deyò nan konpetisyon an avèk 2 gòl a zewo.

Avèk viktwa sa a, Almay vini dezyèm peyi, apre Lasuis, ki kalifye pou 1/4 de final yo.

Ewo a ap kontinye demen dimanch 30 jen an avèk 2 lòt 1/8 de final ki pral detèmine 2 lòt kalifye.

Angletè – Eslovaki a midi

Espay – Jòji a 3 zè PM.

Description de l'image